Preview Mode Links will not work in preview mode

HaitianCreoleMP3: Learn French and Creole Online in No Time!


1. Learn Haitian Creole Online:  Creole Resources

http://haitiancreolemp3.libsyn.com/webpage/category/Learn_Haitian_Creole_Online%20

2.  Learning Haitian Creole's Webpage Category

http://haitiancreolemp3.libsyn.com/

3.  Let's Learn Creole in One Week - Ann Aprann Kreyol nan yon Semenn

http://haitiancreolemp3.libsyn.com/learn-haitian-creole-in-one-week-aprann-kreyl-nan-yon-semn-page-46-etc?tdest_id=108847

 4.  HaitianCreoleMP3.Libsyn.com Webpage:

http://haitiancreolemp3.libsyn.com/webpage

 *

5. Learn French Online with FrenchLessonPodcast.libsyn.com

 

Jul 5, 2017

Si chen rakonte w sa yo wè, ou p'ap janm mache nannwit

If dogs tell you what they see, you will never walk at night (Haitian Proverb)

Here are a few paragraphs of the text: 

You can purchase the whole ebook on Amazon.com or Draft2digital.com

Chak ane, ameriken selebre 4 jiyè.  Se fèt endependans peyi etazini te pran nan men Angletè.  (Every year, Americans celebrate 4th of July.  It is the independence of the United States from England. 

Ameriken selebre ak fèt hòtdòg, jwèt, epi konkou.  Y’al sou plaj.  Y’al jwe nan lak.  Yo vwayaje al wè fanmi yo nan lòt vil.  Moun ap kouri monte, kouri desann toupatou.  Yo achte anpil fe atifis pou yo fete jou sa a. Gen Ameriken ki chita pale, manje, bay blag epi ri ak zanmi yo. Manje, jwèt, alkowòl, byè reyini moun. Men pafwa yo se kòz tèt chaje ak anpil pèn.  Nenpòt zam, - kòmanse ak kouto rive sou zam fe tankou fizi, revòlvè, wouzi, AR15 - pa dwe kole ak tafya, estipefyan oswa dwòg nakotic.  Gen lòt ki dwe mache nan mitan gwo flam chalè.  Solèy la pa padonnen okenn moun.  Y’ap travay paske fòk yo travay si yo se doktè, chofè taksi tankou chofè Uber ak Lyft.  Lè Ameriken fin banboche, yo tonbe sou.  Yo pran woule atè a epi yo fè dega nan vwazinaj la.  Vwazen rele lapolis ki vin mete lòd nan dezòd.  Yo menm arete kèk brigan ak dilè ki t’ap vann dròg opyòd tankou Krak, Kokayin, Fentanyl, ewoyin, metadòn, oksikodonn, elatriye.  Yo rele yon chofè Uber oswa Lyft pou yo ka ale nan yon lòt fèt.  Yo kontinye bwè plis tafya, kleren, Wiski ak tout lòt bwason yo jwenn.  Yo sou anba dwòg.  Anvan jounen an fini, chofè anbulans pa ka selebre paske yo dwe al chache banbochè sa yo ki tonbe anba dòz eksesif (overdose).  Yo menmen yo nan lopital pou doktè ak enfimyè ka sove lavi yo.  Paran banbochè sa yo pa konnen ki kote pitit yo ye.  Pitit yo pa’t rete an kontak avèk yo.  Dwòg fò sa yo yo rele Opyòd chanje sèvo.  Nou pa bezwen di nou ke timoun ki kòmanse pran dwòg sa yo depi yo te tou piti pral soufri konsekans yo pandan anpil tan.  Yo fè jenn gason ak jenn fanm tounen zonbi k’ap kouri toupatou pou achte dwòg.  Yo vle santi yo alèz pou toutan.  Yo pa ka viv san yo. Yo ka menm rive komèt nenpòt krim pou yo ka achte sa yo bezwen pou yon tikadè. Adiksyon se yon fòm konpilsyon pou achte kounye a menm.  Si yo reyisi kenbe yon djòb, yo travay sèlman pou ache plis opyòd.  Se tankou yon epidemi k’ap detwi fanmi Amerikèn an kachèt.  Pafwa tout manm yon fanmi ap soufri nan epidemi sa a yon fòm tankou yon lòt.

4 jiyè dènye manm fanmi an pa ka rete lakay la.  Gen twòp bwi nan vwazinaj la.  Chen pran jape epi kouri toupatou nan lakou a jiskaske yo sote antouraj la.  Si mèt yo pa la, yo pa gen chans rete nan lakou a. Yo kontre ak lòt chen nan vwazinaj la ke fe atifis t’ap toumante pandan tout jounen an.  Yo fòme yon gwo bann chen k’ap kouri monte desann.  Granmoun kon timoun ki wè yo tonbe pè.  Yo kouri al kache anndan lakay yo oswa nenpòt kote yo ka jwenn yon ti kote pou yo kache.  Gwo chen ak ti chen ap jape. Yo fè tankou yo ankolè ak anraje.  Moun gen rezon pè oswa pran kouri nan lòt direksyon.  Se yo menm ak pitit yo ki rann lavi chen sa yo mizerab.  Bann chen sa yo se tankou refijye k’ap chache refij nenpòt ki kote ki pa gen bwi, zam k’ap tire oswa eklate anlè.  Gen chen k’ap chache gadyen yo.  Gen lòt chen k’ap chache pitit gadyen yo ki kite kay la depi kèk tan.  Dwòg nakotik (estipefyan) te pran tèt jenn gason ak jenn fanm sa yo.   Yo se moun pèdi nèt.

 

Translated Text:

 You can purchase the whole ebook on Amazon.com or Draft2digital.com

Americans celebrate with hotdogs, games, and races.  They go to beaches.  They go to lakes.  They travel to see family members in other cities.  They are running up and down every where.  They buy a lot fireworks to celebrate this day.  There are Americans who sit around to chat, eat, tell jokes and laugh with their friends. Meals, games, alcohol, beer gather people together.  However, they are sometimes the causes of headaches and much pain.  Whatever weapons – from knives to firearms such as guns, revolver, machine guns, AR15 etc – should not go along with alcohol and narcotic drugs.  There are Americans who must walk around in the middle of the hot humid or dry heat.  The sun is unforgiving to everybody.  They are working because they have to work if they are doctors, taxi drivers such as Uber and Lyft drivers.

 When some Americans finish celebrating, they get drunk, inebriated, intoxicated.  They start rolling on the ground and causing damage in the neighborhood.  Neighbors call the police who come to restore order amidst the chaos.  The police officers even arrest some drunk troublemakers and drug dealers for selling opioids such as Duragesic or Fentanyl, crack, cocaine, heroin, methadone, Roxicodone or oxycodone etc. Some of the revelers call Uber or Lyft so they can go to another party.  They continue to drink more alcohol, wiskey, and any other alcoholic beverages they can find.  They are high on all kinds of drugs. 

Before the end of the day, ambulance drivers cannot celebrate because they must be dispatched to pick up the overdosed revelers.  They take them to the hospital so doctors and nurses can save their lives.  The parents of those revelers do not know where their sons and daughters are.  The children do not stay in touch with their parents.  These strong narcotic drugs known as opioids change their growing brain. 

Needless to say that kids who are exposed to them at a young age will suffer long-term consequences.  They turn young men and women into zombies running everywhere and looking for the next high.  They cannot live with them.  They have to stay on a constant high.  They may even turn to crimes to get the drug they are after for a short time.  Addiction is a form of compulsive shopping.  The drug addicts want their joint now.  If they manage to hold a job, they work only to be able to purchase more opioids.  It’s a hidden epidemic that is destroying the American family.  Oftentimes, all the members of a family are suffering from this hidden epidemic one form or another.

4th of July, the last member of the family cannot stay in the house.  There is too much noise in the neighborhood.  The dogs start barking and running all around the yard until they jump over the fence.  If their owners are not present, they do not have any chance of staying in the yard.  They encountered other neighborhood dogs tormented by the fireworks all day long.  They form a huge pack of dogs running up and down.  As soon as adults and children see them, they get so scared.  They run back to hide in their home or anywhere they can find shelter. Dogs of all breed, big as well as small dogs, are barking.  They pretend to be mad and enraged.  People have reason to be afraid or run away in a different direction.  Their children and they are the ones who make these dogs’ lives miserable on 4th of July.  This pack of dogs is like this mass of refugees who are seeking refuge in any place free of noise, exploding weapons and gunshots.  There are dogs that are looking for their best friends, their loyal mates.  There are dogs that are looking for their guardians’ sons and daughters who left home many years, months, or weeks ago. Opioids, marijuana, narcotic drugs and alcohol took over these young men and women’s mind, brain, and life.  They’re already gone.  Gone far away.