Preview Mode Links will not work in preview mode

HaitianCreoleMP3: Learn Haitian Creole + French Online in No Time


1. Learn Haitian Creole Online:  Creole Resources

http://haitiancreolemp3.libsyn.com/webpage/category/Learn_Haitian_Creole_Online%20

2.  Learning Haitian Creole's Webpage Category

http://haitiancreolemp3.libsyn.com/

3.  Let's Learn Creole in One Week - Ann Aprann Kreyol nan yon Semenn

http://haitiancreolemp3.libsyn.com/learn-haitian-creole-in-one-week-aprann-kreyl-nan-yon-semn-page-46-etc?tdest_id=108847

 4.  HaitianCreoleMP3.Libsyn.com Webpage:

http://haitiancreolemp3.libsyn.com/webpage

 *

5. Learn French Online with FrenchLessonPodcast.libsyn.com

 

Hurricane Season Starts: Les Cayes, Haiti: Izarak (Isaac) Pase An Ayiti: Inondasyon, Woch, Labou Toupatou

Aug 25, 2012

Samdi, 25 Out 2012. Les Cayes (Lèkay), Haiti: Siklòn Izarak (Isaac) Pase Lèkay, An Ayiti: Inondasyon, Wòch, Labou Toupatou

Find Creole and French Language books that are worth reading right on EBookPublishersWeek on Pinterest

Tout moun t-ap tann gwo dega, deblozay Siklòn Izarak ta pral koze an Ayiti. Li frape Lèkay (Les Cayes) byen fò. Anpil lapli tonbe Okay. Wout koupe. Pyebwa tonbe. Rivyè desann epi yo bwote tout kalite debri al jete nan lanmè ak laplèn pwovens lan. Moun kòmanse soti lakay yo pou konstate destriksyon yo.

Siklòn Izarak konsantre plis sou Okay. Men lapli ak gwo van frape Pòtoprens tou. Fatra, wòch, ak dlo sou tout wout Pòtoprens. Sonje ke gen anpil moun k-ap viv nan joupa, anba tapi, nan sitiyasyon byen delika nan Pòtoprens aprè tranblemandetè ki te souke vil la an Janvye 2010. Si fòs siklòn nan te konsantre plis sou Pòtoprens, t-ap gen anpil pèt de vi ak pwopriyete.

Siklòn Izarak sou wout li pou-l ale nan Repiblik Dominikèn, Pòto Riko ak Florid kote Repibliken yo pral òganize konferans yo semèn pwochèn. Gen inondasyon nan Repiblik Dominikèn tou. Otorite ak Gouvènman Ayisyen yo rale moun sot nan kounouk kay yo, joupa yo. Yo fòse yo kite kay yo anvan siklòn nan rive. Moun yo pa vle kite ti sa yo gen nan kay sa yo. Kou otorite yo pati, you tounen lakay yo.

Nou pòkò (poko) gen nouvèl moun ki mouri oubyen ki blese anba siklòn Izarak. N-ap tann enfòmasyon nan men zanmi nou yo k-ap viv nan sid peyi dAyiti. Sa nou konnen sèke gen anpil pèt materyèl. Moun pèdi danre, bèt ak kay yo. Tè yo te konn travay kouvri ak dlo kounye a.

N-ap kontinye antre an kontak avèk kèk misyonè ak zanmi NouvèlKreyòl nan lavil Okay pou nou ka aprann dega siklòn nan fè.

Dènyè Nouvèl – Mise à Jour – Updates – Puesta al Día

Pou kounye a, nou aprann gen twa moun ki mouri an Ayiti. Yon manman ak pitit li mouri nan Souvnans pandan pasaj siklòn. Nan Tomazo, gen yon tifi ki mouri aprè yon mi sot tonbe sou li.

Nan Site Solèy, moun ap kraze rak. S-ak ka pote matela, rad ak lòt bagay enpòtan pote yo sou tèt ak po do yo. Rivyè Grive debòde. Li voye anpil dlo sal ak fatra al kraze Site Solèy. Moun ap pase anpil mizè. Granmoun kou timoun pa ka dòmi paske kay yo inonde. Dlo a ba yo jouk anba kou yo.

Dimanch 26 Out 2012: Dimanch 26 Out 2012: Dènyè Nouvèl – Mise à Jour /Les Dernières Nouvelles – Updates – Puesta al Día

Men sa kòrespondan nou yo di nou sou pasaj siklòn nan an Ayiti.

Yo enfòme ke se pa de ti lapli ki pa tonbe sou peyi a. Rivyè monte. Dlo desann, bwote moun, kay ak bèt. Otorite gouvènman Ayisyen yo enfòme ke yon jennòm mouri aprè yon rivyè nan nò peyi a bwote. Li t-ap eseye janbe rivyè s-a. Nan sid peyi dAyiti, espesyalman nan Marigo, yon fanm pèdi lavi-l aprè yon pyebwa sot tonbe sou kay li. Se li sèl ki te mouri.

Yon manm biwo pwoteksyon sivil ayisyen, Joseph Edgard Celestin, di ke gen plis pase yon douzèn kay ak joupa ki kraze. Anpil lòt kay pèdi tòl ak panno. Siklòn nan depatcha yo. Aprè yon eleman fin pèdi kay li, li kouri al chache sekou sou yon pyebwa nan lakou-l. Avèk gwo van ki t-ap vante, li pa-t ka kenbe kò-l. Pandan li t-ap kabicha, li sot tonbe sou pyebwa a. Li mouri. Gen plizyè moun ki blese avèk fèy tòl, klou, moso bwa ki t-ap vole toupatou.

Ayiti se yon peyi pòv ki toujou gen pwoblèm inondasyon ak gwo labou. Sa-k fè sa se paske moun fin koupe pyebwa sou mòn yo pou fè chabon yo vann pou kwit manje. Lè lapli tonbe, dlo lapli bwote bon tè oubyen tè ke kiltivatè itilize pou pwodwi danre – al jete nan laplèn oswa nan lanmè. Ayiti bezwen replante pyebwa sou tèt mòn yo.

Find Creole and French Language books that are worth reading right on EBookPublishersWeek on Pinterest