Preview Mode Links will not work in preview mode

HaitianCreoleMP3: Learn French and Creole Online in No Time!


1. Learn Haitian Creole Online:  Creole Resources

http://haitiancreolemp3.libsyn.com/webpage/category/Learn_Haitian_Creole_Online%20

2.  Learning Haitian Creole's Webpage Category

http://haitiancreolemp3.libsyn.com/

3.  Let's Learn Creole in One Week - Ann Aprann Kreyol nan yon Semenn

http://haitiancreolemp3.libsyn.com/learn-haitian-creole-in-one-week-aprann-kreyl-nan-yon-semn-page-46-etc?tdest_id=108847

 4.  HaitianCreoleMP3.Libsyn.com Webpage:

http://haitiancreolemp3.libsyn.com/webpage

 *

5. Learn French Online with FrenchLessonPodcast.libsyn.com

 

Jan 15, 2011

Alavèy Nouvèl Ane Epi Fèt Endepandans Ayiti :: On New Year’s Eve And Haiti’s Independence Celebration

Find all the text right here

Tout moun ap prepare yo pou y-al banboche, pran gwo plezi. Nowèl fin pase. Tout timoun fin resevwa kado yo. Granmoun pa gen anpil tan pou yo repoze. Fòk yo fè pwovizyon pou Premye Janvye ak de Janvye, de gwo fèt Ayisyen. Genyen ou pa, tout Ayisyen mete pi bèl rad yo de jou sa yo. Timoun leve byen bonè pou yo swete granmoun ‘Bòn ane.’ Epi yo konnen yo pral bwè bon jan chokola ak pen espesyal. Vè midi, yo pral tonbe bwè soup joumou ki gen tout kalite vyann, malanga, pòm de tè, ak legum. Olala, se gwo koze!

Gen aktivite toupatou nan kanton an. Yo pwofite lalun pou yo mache ale nan veye kote yo danse, manje a minwi. Anpil legliz òganize sèvis espesyal alavèy Nowèl oswa alavèy nouvèl ane. Le 24 Desanm, manm legliz yo patisipe nan pwogram Nowèl ki montre kouman Jezu te fèt. Epi aprèsa, dirijan legliz yo sèvi moun yo manje ak bwason. Chak ane, anpil moun nan komunote a espere manje gratis nan okazyon sa yo. Pou reyalize fèt Nowèl, pafwa legliz yo resevwa don espesyal nan men pitit legliz yo ka-p viv nan peyi etranje oswa parenn legliz yo. Kon fèt Nowèl fin pase, Ayisyen kòmanse planifye fèt premye ak de Janvye.

Se pa sa sèlman. Ayisyen ki pa afilye ak yon legliz al nan peristil pou yo patisipe nan selebrasyon pa yo. Yo fè bon jan muzik. Yo bat gwo tanbou ak ti tanbou. Houngan yo sèvi lwa yo. Yo trase vèvè. Yo mete manje espesyal pou tout espri yo ap sèvi. Gen anpil moun ki gen lwa ki monte yo. Yo vire epi yo ponpe. Yo danse. Yo leve pye lou yo. Men yo sou anpil. Yo bwè anpil tafya, wonm, ak kleren. Lwa yo fè yo mache sou dife, kraze boutèy ak po men yo epi fè yo rale sou vant ak do yo. Se yon bagay ki dwòl ke yo pa blese. Genyen patisipan ki la sèlman pou file fanm. Nan sezon sa-a, fò ou aprann viv ak tout son tanbou, bri epi chante k-ap sòti toupatou, nan platon tankou nan mòn.

Ki sa Ayisyen renmen fè pou yo selebre fèt endepandans yo ?

Anpil Ayisyen chwazi fè lòt bagay tou. Si yo konn jwe muzik oswa yo apresye-l, y-al nan bal anba lavil, sou wout Dèlma oswa Petyonvil. Gen gwo bann ki òganize bon bal. Moun ki vle patisipe supoze peye pou yo antre. Gen Ayisyen k-ap jwe pyano, gita, twonpèt, flit, vyolon, amonika, tanbou, saksofòn, senbal epi tchatcha. Se nan bal yo nou ka wè tout bwason Ayisyen ka bwè. Wonm Babankou se gwo koze pou moun ki ka achte yo.

Gen Ayisyen k-al wè fim nan sinema. Si yo pa soti, yo rete lakay yo pou yo koute muzik sou radyo. Yo ka gade televizyon too. Leplusouvan, moun ki rete lavil kote ki gen elektrisite pwofite anpil. Pafwa, blakawout anpeche yo patisipe nan pwogram woutin yo. Moun andeyò yo al nan bal tou. Si yo pa moun k-al legliz, y-al parye sou kòk k-ap bat nan gagè. Tankou nan peyi Filipin ak peyi panyòl, kòk ki bat nan gagè jwenn yon tretman espesyal. Mèt kòk sa yo trete yo oswa pran swen yo tankou atlèt. Yo fè yo fè egzèsis. Yo pran vitamin ak dlo pwòp. Men yo file zepon ki pèmèt yo touye lòt kòk byen fasil. Granmoun rakonte istwa. Yo konn bay lodyans tou. Gen anpil zanmi ki reuni jus pou yo ka bay blag. Yo tire kont tou.

Kòmanse alavèy premye Janvye jouk de Janvye, tout Ayisyen pran bon jan plezi yo. Yo ka jwe kat, domino, damye oubyen kay. Timoun jwe oslè ak marèl. Pandan tout tan sa yo, yo manje epi yo bwè kremas, wonm, tafya, ju, epi dlo. Lè yo fatige, y-al dòmi. Yo reveye pou yo koumanse fè plan kanaval k-ap rive byen vit.

VOCABULARY – VOKABULE (Vokabulè) Ale nan gagè – to go to a cockpit Gade bat kòk – to watch cockfighting Bat kòk – to fight cocks Rakonte istwa; bay lodyans – To tell stories Bay blag – To tell jokes Tire kont – to tell folktales and riddles Renmen pran plezi – to like to have fun Al nan bal – to go to dances Banboche – to carouse Bwè wonm – to drink rum Enstruman – Instrument Volebòl – Volleyball Baskètbòl – Basketball Tenis – Tennis Ping Pong – Tenis tab Foutbòl – Football Pwogram radyo – Radio programs Espò ou pito – Sports you prefer Gade yon match foutbòl – Watch a match of football (soccer) Tanbou lou aprè dans – Drums are heavy after the dance Gade televizyon – To watch TV Koute Radyo – to listen to the radio Vyolon – Violin Flit – Flute Twonpèt – Trumpet Saksofòn – Saxophone Gita – guitar Pyano – Piano Amuze/amize – to have fun Bann – band Moun lavil – City dwellers Moun andeyò – Mountain people Tcheke – to check Bonbe – bulge Pandye – to hang

Translation of Above Text:

Alavèy Nouvèl Ane Epi Fèt Endepandans Ayiti On New Year’s Eve And Haiti’s Independence Celebration

Everybody is getting ready to carouse, celebrate and have a great time. Christmas is over. All the children have already received their presents. Adults do not have much time to rest. They must go shopping for January 1 and January 2, two major Haitian holidays. Whether they are fortunate or not, all Haitians wear their best outfit on these two days. Children get up very early to wish their parents “Happy New Year.” And they know they are going to have good chocolate and special bread. By noon, they are going to start having pumpkin soup with all kinds of meat, taro root, potato, and vegetables. Wow! It is a big deal!

There are activities everywhere in the village. Residents take advantage of the moonlight to walk to end-of-the-year vigils where they can dance and eat midnight meals. Many churches organize special services on Christmas Eve and New Year’s Eve. On December 24, church faithful participate in Christmas programs that show how Jesus was born. After that, the church leaders served foods and beverages to all congregants. Every year, residents of the community expect to eat without charge on these occasions. To realize these Christmas celebrations, churches often receive special gifts from the church children who are living overseas or the church sponsors. As soon as Christmas is over, Haitians start planning their January 1 and January 2 parties.

That is not the only thing they are thinking about. Haitians who are not affiliated with a church go to peristyle to take part in their own ceremonies. They produce all kinds of music. They play huge as well as small drums. The voodoo priests serve their spirits. They trace designs on the grounds. They place special food items on the ground for the spirits they are serving. Many participants end up being possessed by the spirits. They turn around and jump. They dance. They lift their feet rendered heavy wit alcohol. They are very drunk. They have consumed a lot of tequila, rum and other alcoholic beverages. The spirits make them walk on fire barefootedly, break bottles with their bare hands and make them crawl on their belly and back. It is a funny thing that they do not get burned or injured. There are participants who are in the ceremony only to go around with women. On this occasion, you have to learn with all kinds of drum beats, noise and songs that spring from everywhere, in flatlands as well as mountaintops.

What do Haitians like to do to celebrate their independence day? Many Haitians choose to do other things too. If they can play or appreciate music, they go to dancehalls downtown, on Delmas Road or Petionville. Big bands organize huge dance parties. Those who want to participate pay entrance fees. Some Haitians play piano, guitar, trumpet, flute, harmonica, drums, saxophone, cymbals and chacha. We can see all the beverages Haitians can consume in these dance parties. Haitian-made Barbancourt Rhum is a big deal for those who can afford it.

There are Haitians who go to the movie theaters to see movies. If they do not go out, they stay home to listen to music on the radio. They may watch TV too. Most of the times, those who live in cities that have electricity take more advantage. At times, blackouts prevent them from participating in routine activities or programs. Mountain people go to dances too. If they are not churchgoers, they go bet on fighting cocks in the cockpit. Just like in the Philippines and the Dominican Republic, fighting roosters receive a special treatment. The owners of these cocks treat them or take care of them like athletes. They make them do exercises. They take vitamins and clean water. However, the owners file their spurs which allow them to kill their opponents easily in the cockpit. Adults tell stories. There are many friends who gather together just to tell jokes. They tell folktales and riddles.

From New Year’s Eve till January 2, all Haitians find all kinds of entertainment. They may play cards, domino, checkers or hole. Kids play bones and hopscotch too. During all this time, they eat and drink Cream, rum, tequila, juice and water. When they get tired, they go to bed. They only wake up to start making plans of Carnival that arrives soon.