Preview Mode Links will not work in preview mode

HaitianCreoleMP3: Learn French and Creole Online in No Time!


1. Learn Haitian Creole Online:  Creole Resources

http://haitiancreolemp3.libsyn.com/webpage/category/Learn_Haitian_Creole_Online%20

2.  Learning Haitian Creole's Webpage Category

http://haitiancreolemp3.libsyn.com/

3.  Let's Learn Creole in One Week - Ann Aprann Kreyol nan yon Semenn

http://haitiancreolemp3.libsyn.com/learn-haitian-creole-in-one-week-aprann-kreyl-nan-yon-semn-page-46-etc?tdest_id=108847

 4.  HaitianCreoleMP3.Libsyn.com Webpage:

http://haitiancreolemp3.libsyn.com/webpage

 *

5. Learn French Online with FrenchLessonPodcast.libsyn.com

 

Feb 22, 2015

Learn Haitian Creole and Listen to News on 2015 Haitian Carnival, Accident and Cancellation.

<p>

Ayiti Anile Kanaval 2015 lan Aprè 18 moun te mouri ak plis de 78 lòt moun te blese sou trajedi cha a

<p>Sujè Konvèsasyon ak Dyalòg an Ayiti epi Atravè Lemond

<p>Anvan nou kòmanse pale de aksidan sa-a, ann eksplike ki sa yon cha ye.  Ayisyen ki pale Fransè ak Kreyòl rele’l yon char.  Yon cha pa yon [ ‘chat,’ cat in English]. Yon cha se yon ‘float in English.  O non.  Yon cha se tankou yon gwo kamyon byen wo ki pote gwo aparèrèy mizikal tankou tout enstriman, opalè ke gwoup mizikal va bezwen pou’l anime oswa pete tenpan moun k’ap koute oswa ekspektatè yo ki kanpe sou tout bò kote’l oubyen sou bò wout la.  Sa vle di cha a pote non sèlman manm gwoup la, li pote envite espesyal ak zanmi gwoup la tou.  Si ou pa yon bèl fanm ki gen kontak ak manm gwoup la, ou pa’p jwenn yon plas sou cha a daprè anpil fanm ki antre patisipe nan konkou pou genyen yon plas. 

<p>Fantom Barikad Crew pran nan Kouran sou cha-a.  Yon kab elektrik touche’l epi elektrokite’l. Men li sove!

<p>Dram sa-a, trajedi sa-a te rive sou cha gwoup mizikal ki rele Barikad Crew sou bò Channmas pandan dezyèm jou Kanaval nasyonal 2015 lan.  Chantè gwoup Barikad Crew a ki rele ‘Fantom’ te frape yon kab kouran electric ki gen tansyon mwayèn. Anpil moun ap pale sou otè kab elektrik yo pa rapò ak otè cha yo nan epòk kanaval pou detèmine ki kote cha yo dwe pase. Aprè aksidan an te fin rive le 17 fevriye 2015, Premye Minis Evans Paul deklare yon peryòd dèy nasyonal, kòmanse Mèkredi rive jouk Samdi 21 Fevriye 2015.  Samdi se te jou funeray nasyonal pou moun ki te mouri yo........