Preview Mode Links will not work in preview mode

HaitianCreoleMP3: Learn Haitian Creole + French Online in No Time


1. Learn Haitian Creole Online:  Creole Resources

http://haitiancreolemp3.libsyn.com/webpage/category/Learn_Haitian_Creole_Online%20

2.  Learning Haitian Creole's Webpage Category

http://haitiancreolemp3.libsyn.com/

3.  Let's Learn Creole in One Week - Ann Aprann Kreyol nan yon Semenn

http://haitiancreolemp3.libsyn.com/learn-haitian-creole-in-one-week-aprann-kreyl-nan-yon-semn-page-46-etc?tdest_id=108847

 4.  HaitianCreoleMP3.Libsyn.com Webpage:

http://haitiancreolemp3.libsyn.com/webpage

 *

5. Learn French Online with FrenchLessonPodcast.libsyn.com

 

Jul 18, 2014

Listen to Haitian proverbs and Haitian Creole's Frequently Search Words, and news on the mosquito-born breaking bone disease named Chikungunya. 

http://nouvelkreyol.blogspot.com

http://aprenderkreyolhaitiano.blogspot.com

http://ezhaitiancreole.blogspot.com

http://bonjourcreole.blogspot.com

Chikungunya

Chikungunya se yon viris ki te fèk parèt nan peyi Tanzani an Afrik apeprè kenz ane pase. Viris sa-a lakòz bouton leve sou po moun, lafyèv ak anpil pèn nan jointi moun. Se yon maladi ki rèd anpil men li p’ap touye ou. Depi ou genyen maladi sa-a, ou p’ap genyen-l ankò. Kidonk ou vin pwoteje. Ou vin iminize kont chikungunya.

Chikungunya travèse nan lòt peyi Afriken. L’ale an Azi, End, nan lanmè pasifik, Filipin. Epi li travèse nan rejyon Karayib la. Li koumanse atake moun Sen Maten, Lajamayik etsetera. Lè li rive an Ayiti, Chikungunya koumanse sekwe Ayisyen. Chikungunya frape moun k’ap viv nan Florid tou. Anpil moun Filipin vwayaje al nan Karayib. An reyalite, moun pa ka di kijan marengwen ki gen chikungunya fè rive an Ayiti. Pwiske moun vwayaje toupatou, marengwen ki gen Chikungunya ka mòde yo san yo pa konnen. Yo retounen nan peyi yo. Epi yo vin santi doulè ak sentòm maladi a: bouton sou po yo, lafyèv ak pèn nan jwenti. Se tankou yo santi zo yo ap kraze! Yo pa ka fè anyen ditou.

Chikungunya gen menm sentòm ak lafyèv deng. Se de maladi ki mete ou kouche sou kabann ou. Yo kraze tout zo moun ki te genyen-l. Doktè Ayisyen pa ka fè tès pou chikungunya. Yo depann de CDC, Sant Ameriken pou Kontwole Maladi ak prevansyon. Pa gen yon mwayen pou geri moun ki gen viris la. Erezman li pa koze lanmò. Doktè rekòmande Taylenòl. Aprè dezoutwa jou oubyen yon semèn, pèn nan ak lafyèv ap pase. S’ak pi rèd la se lè timoun oswa tibebe pran maladi sa-a. Yo pa ka kite ou dòmi si ou se paran yo. Yo kriye anpil. Se yon maladi tèrib pou timoun. Men y’ap geri aprè dezoutwa jou nan kabann yo. Paran yo pa ka al travay. Yo pèdi kòb konsa.