Preview Mode Links will not work in preview mode

HaitianCreoleMP3: Learn French and Creole Online in No Time!


1. Learn Haitian Creole Online:  Creole Resources

http://haitiancreolemp3.libsyn.com/webpage/category/Learn_Haitian_Creole_Online%20

2.  Learning Haitian Creole's Webpage Category

http://haitiancreolemp3.libsyn.com/

3.  Let's Learn Creole in One Week - Ann Aprann Kreyol nan yon Semenn

http://haitiancreolemp3.libsyn.com/learn-haitian-creole-in-one-week-aprann-kreyl-nan-yon-semn-page-46-etc?tdest_id=108847

 4.  HaitianCreoleMP3.Libsyn.com Webpage:

http://haitiancreolemp3.libsyn.com/webpage

 *

5. Learn French Online with FrenchLessonPodcast.libsyn.com

 

Taking a Tap Tap to Petionville Market: Shopping for Spices and Vegetables, Food Names and Harvest in Haitian Creole

Jun 12, 2010

This is an excerpt of the new upcoming book 'Creole Builds Haiti: You Can Understand, Read and Speak Haitian Creole' by Mr. Joseph J. Charles

Pre-Order or Order This new book now (the book will be released by the end of July 2010)

 

 

Pran Yon Tap Tap Pou Ale nan Mache Petyonvil

Jodi-a, byen bonè, m pral pran yon tap tap pou-m al fè pwovizyon nan mache Petyonvil la. M prepare yon lis long. Sou lis la, m vle achte de gwo mamit pwa, kat ti mamit diri, legim, zepis avèk fwi tankou zoranj, mango fransik ak fig. M vle achte kèk zaboka tou. M manke bliye mete mayi moulin sou lis la. Ayisyen renmen manje diri ak sòs pwa, pwason, mayi moulin ak sòs poul oubyen vyan kochon. Tout moun ka manje nenpòt bagay depi yo grangou.

M-ap vwayaje sou rout Delma -a pou-m monte Petyonvil. Machann yo desann byen bonè pou yo ka vann danre yo. Pandan m Petyonvil, m gen plan pou-m pase nan Laprès Evanjelik pou-m achte kèk kat m vle voye bay yon zanmi Okanada. M mete sa sou lis mwen an tou. Si-m jwenn Chan Desperans a bon mache, m-ap achte twa chan pou-m voye bay sèu-m ki rete Nouyòk.

Depi kèk bon minut la, tap tap la kanpe. Gen yon gwo blokus sou wout la. Petèt gen yon aksidan tou prè Petyonvil. Gen anpil chofè tèt chat kap pede fè aksidan. Yo anpeche bon chofè fè kòb sou wout la. Pasaje monte tap tap la, pasaje desann. Yo pito mache a pye si yo pa prale lwen pase pou yo rete nan yon tap tap ki sere pete ak moun.

Fòk ou gen pasyans lè ou pa gen machi-n pa ou an Ayiti. Menm lè ou gen zanmi ki ba ou wou lib, ou pa ka rive kote ou prale-a. Depi tranbleman de tè-a fi-n frape Ayiti, gen anpil debri sou tout wout la. Gen moun nan tout laru a. Kamyon ak tap tap pa ka woule byen vit. Pafwa gen move aksidan ki rive tou.

Chofè tap tap mwen an pran yon wout dekoupe pou-l wè si-l ka rive bò mache Petyonvil la. Lè tout chofè ap pran rout dekoupe, gen plus blokus toupatou. Se pa de twa minut nou pèdi sou rout la!

M pa kwè m-ap jwenn bon pwovizyon jodi-a. M twò an reta. M espere pratik mwen an toujou gen sa-k sou lis mwen an. Antouka, fò-m achte bagay sa yo ki sou lis mwen an. Lè ou kite lakay ou, ou pa konnen kilè ou ap retounen.

M gen yon lòt bon pratik ki prèske gen tout machandiz m bezwen yo. M pa kwè li sonje non-m paske-l toujou rele tout moun pratik. Tout machann bezwen genyen bon pratik. Pratik mennen lót moun ki tounen pratik. Komèsan yo kenbe pratik yo lè yo fè bon jès avèk yo. Yo bay pi bon pratik bon sèvis. Yo sere pi bon machandiz yo pou yo. Manman-m te yon bon machann. Li te genyen anpil pratik nan maché kote-l tap vann pwovizyon. Li te gen anpil zanmi ki te madan sara.

Buy this lesson CD which can help improve your shopping skills in Haitian Creole

Support independent publishing: Buy this disc on Lulu.

Support independent publishing: Buy this disc on Lulu.

Get the vocabulary of this lesson at Kreyolaudiomp3.blogspot.com,

AnnPaleKreyolAudio.blogspot.com, and

Sakpaselearnhaitiancreole.blogspot.com